1. Anmwey Sekou pou jenès peyi Dayiti!!!
Mezanmi pèp ayisyen, Manman ak papa pitit, Ti machann, Kiltivatè, Jounalis, Chofè
kamyonèt, chofè motosiklèt, Elèv lekòl, etidyan, Moun kap travay, moun ki pap travay,
Ayisyen kap viv an Ayiti, Ayisyen kap viv nan peyi lòt bò dlo, tout sektè òganize nan peyi
Dayiti, òganizasyon peyizan, òganizasyon etidyan, òganizasyon pwofesyonèl, Sektè
sendika… Etidyan finisan Nan Lekòl Nòmal Siperyè « pwomosyon 2012 – 2016 » ap
mande nou Sekou.
Jounen Jodi a, nou menm 175 etidyan ki fin etid nou nan Lekòl Nòmal Siperiyè ap mande
nou sekou. Nap kriye anmwey sekou! Tanpri pote nou sekou pou nou rive chape anba kokenn
chenn konplo sa dirijan nan Leta peyi Dayiti ap fè kont tout jenès peyi a, patikilyèman kont
tout 175 etidyan sa yo ki fin etidye nan Lekòl Nòmal siperyè, « pwomosyon 2012 – 2016 ».
Lekòl Nòmal se yon branch nan Inivèsite Leta peyi Dayiti kap fòme pwofesè pou tout peyi
a. Li gen 7 depatman epi akeyi chak ane ant 25 ak 30 jèn ki sot nan bakaloreya. Kidonk se
anviwon 200 jèn gason ak jèn fi sèlman ki rive jwenn chans entegre li. Nou ka konprann byen
rapid menm jan ak mwen tout 200 jèn gason ak jèn fi sa yo pa malerèzman rive fini etid la.
Gen sa ki abandone akòz difikilte lamanjay. Gen lòt se difikilte lajan machin ak lajan kopi.
Genyen tou se sitiyasyon politik, vyolans ak ensekirite nan pòtoprens ki fè yo blije abandone
etid la. Nou ta ka site yon pakèt lòt sitiyasyon ki toujou reprezante gwo baryè sou chimen reyisit
jèn gason ak jèn fi nan peyi Dayiti.
Alèkile, Konprann byen mezanmi. Pran san nou pou nou rive konprann kouman dirijan yo nan
leta peyi Dayiti mechan. Yo malonèt, yo manfouben, yo kriminèl menm. Yo marinen gwo
konplo sou do lajenès. Yo tout, yo met ansanm pou yo sèmante “Tonnè kraze nou, nap fout
etilize tout mwayen pou nou depeyize tout jèn gason ak jèn fi nan peyi Dayiti”. Mezanmi
eskize si mwen transmèt sèman Mesye Dam dirijan nan leta peyi Dayiti jan yo fèl la. Yo fè
tout kalte vyolans sou lajenès pou yo fòse yo kite peyi a. Lè se pa fèmen, yo fèmen tout pòt ki
ta ka mennen yo sou chimen reyisit, yo polye anviwonman sosyal ak politik la pou yo paka
pran souf nan peyi a. Konsa yo blije chape poul yo al respire nan lòt peyi.
Jounen jodi a pèp ayisyen, pèp vanyan, pèp ki gen nanm, pèp dyanm, louvri je nou byen
gran pou nou wè sa kap pase. Louvri zòrèy nou pou nou tande rèl lajenès ki lage san
zespwa epi kap kriye byen fò anmwey sekou.
Anmwey sekou pou lajenès! Sekou pou 175 etidyan sa yo an patikilye ki fin etidye nan Lekòl
Nòmal Siperyè Mesye Dam nan Leta ap mal trete. Yo marinen yon gwo konplo sou do yo.
Apre anpil goumen, apre anpil tire kòd, lekòl Nòmal Siperyè te resi rive limen yon ti bouji
pou klere chimen lavni pou ti ponyen jèn gason ak jèn fi kap fini etid yo chak ane lakay
li. Ti bouji sa mezanmi se akò 2013 la ki te siyen ant Lekòl Nòmal ak Ministè ledikasyon
nasyonal, Akò ki pèmèt jèn gason ak jèn fi yo al fè estaj nan tout lise nan peyi epi apre
sa jwenn lèt nominasyon.
Mezanmi, Mesye Dam nan leta soti pou tenyen bouji sa pou lage nou nan fè nwa pi rèd.
Anmwey sekou ! sekou pou nou chape anba kokenn chenn konplo sa. Sekou pèp ayisyen,
Sekou !
2. Gade bann malonèt yo ! Gade bann san konsyans yo ki soti apre anpil goumen pou ban
nou bwè yon lèt malatchong. Mezanmi gade! Gade gwosè konplo presidan peyi a
”Jocelerme Privert”, Premye Minis lan “Enex Jean Charles”, Minis ledikasyon an “Jean
B. Dorsonne” mele ak palmantè malonèt pou ban nou yon lèt anpwazonnen. An mesye se
konsa! “Timoun mande gonbo cho, nou lage li nan pla menl”.
Mezanmi anmwey! Men mesye yo soti pou fini ak nou. Yo konplote pou ban nou yon lèt
malatchong, yon lèt anpwazonnen, yon lèt kaye, yon lèt tounen. Lèt ki di nap travay pou
nou touche 9000 (nèf mil) goud wi. Sa vle di nan langaj popilè 1800 dola ayisyen. Kidonk
Mesye Dam, apre 14 lane nap etidye nan lekòl klasik, plis 4 lane etid nan inivèsite; gen
lan nou ki déjà fè 2 etid inivèsite, genyen ki déjà kòmanse ap fè metriz, epi se mòd tretman
sa nou vle ban nou. Depi nan kontra estaj yo tout 175 etidyan finisan ENS/UEH yo te gen
2 chè. Bon Mesye Dam, pou nou pa menm jennen vle fè nou travay pou 1800 dola ayisyen.
Nou tap ri nou… Nap pale, nou bezwen ant 24 ak 25 milyon goud pou nome 175 etidyan
ki fini Lekòl Nòmal yo. Sa vle di chak moun yon grenn chè. Nap pwofite raple tout moun
se ak 2 chè nou tout etidyan sa yo te fè estaj. Lè sa nou tap touche 22000 mil Goud, Sa vle
di nan langaj popilè 4400 dola ayisyen. Kounya nou gen plis esperyan epi Mesye Dam nan
Leta peyi Dayiti vle pou nou touche 9000 (nèf mil) goud wi. Sa vle di nan langaj popilè
1800 dola ayisyen.
Anmwey sekou ! pèp ayisyen ede nou souple ! Ede nou pou nou pa pran nan zatrap sa !
Ede nou pou Mesye Dam nan leta peyi Dayiti pa kenbe nou epi kage lèt ki anmè kou fyèl
sa nan gagann nou. Mezanmi, sa vle di menm moun ki pral byen lwen yo tou ! Sila yo kap
kite Repiblik pòtoprens pou ale byen andeyò yo tou !
Nou menm 175 etidyan ENS/UEH sa yo ki fini Lekòl Nòmal Sipèryè « pwomosyon 2012
– 2016 », Nou sèmante sèt fwa swasann disèt fwa nou pap bwè lèt kaye. Nou pap bwè lèt
malatchong, lèt anpwazonnen, lèt ki anmè kou fyèl sa Mesye Dam nan Leta ap prepare pou
kage nan gagann nou an. Se Pou Monche Prezidan, Monche Premye Minis, Monche Minis
ledikasyon Ak Monche Palmantè degaje yo jwenn plis pase 52 milyon goud yo bezwen an
pou yo ban nou bon lèt. Dayè nou tout 175 etidyan sa yo, nap tann lèt nominasyon nou an
ak 2 chè pi piti epi plen tan pou moun ki pral lwen yo.
Nou menm tout 175 jèn gason ak jèn fi sa yo ki fin etidye nan Lekòl Nòmal Sipryè a, nap
sèmante yon lòt fwa ankò, nou pap bwè lèt malatchong, lèt anpwazonnen, lèt ki anmè kou
fyèl epi. Nou pap ale Chili, nou pap ale Brezil ! Nap kriye byen fò : ABA CHOMAJ ! ABA
CHOMAJ ! VIV NOMINASYON POU TOUT 175 ETIDYAN ENS YO! Se pou Mesye
Dam nan Leta ranmase karaktè yo pou trete moun ki fome jan yo dwe trete yo.
Nap fini pandan kriye ankò anmwey sekou! Anmwey Aba! Aba lèt malatchong! Aba lèt
anpwazonnen! Aba tout lèt ki anmè kou fyèl! Aba chomaj degize ! Sekou pèp ayisyen!
Sekou pèp ayisyen!
VIV NOMINASYON POU TOUT 175 ETIDYAN ENS YO! VIV AYITI!
Etidyan Finisan ENS/UEH
Pwomosyon 2012 - 2016
Pòtoprens, 4 Fevriye 2017